(Swahili-Haiti Kreyol) Hotuba ya Rais wa zamani wa Kiswahili Jean-Bertrand Aristide juu ya Maadhimisho ya 24 ya Statskupp

ORIGINAL LANGUAGES, 19 Oct 2015

Dr. Jean-Bertrand Aristide – TRANSCEND Media Service

Jean-Bertrand Aristide (Peggy Peattie/ZUMA)

Jean-Bertrand Aristide (Peggy Peattie/ZUMA)

Sè m, Frè m,

Ou menm ki bò isit ou k ap viv lòt bò dlo, M kontan salye w nan lespri Mèm Amou an. Nan lonbraj Zansèt nou yo, pèmèt mwen Bay nou chak yon gwo akolad fratènèl e Anbrase tout ti moun yo ak Jenès Peyi a Ki gen yon plas espesyal nan fon kè m.

Ak anpil respè, m bese byen ba pou mwen salye Memwa tout viktim koudeta 30 Septanm 1991 la. Kò yo tonbe men yap toujou rete vivan nan lespri n. Swè ak san Ero nou yo pa dwe koule pou granmesi.

Pou leve memwa tout Ayisyen ki sakrifye lavi yo Pou delivrans Ayiti, ann manyen rasin mo Ayiti a. Hai vle di non, pa. Tii vle di obeyi nan lang Swaili. Haitii vle di pa obeyi. Haïti ou Haitii vle di pa obeyi. Lontan, esklav yo te toujou ap di: Pa obeyi kolon yo. Jodia, nou di: pa obeyi moun ki pa respekte dwa moun. Haitii! Pa obeyi esklav mantal ki nan koudeta elektoral. Pa obeyi esklav mantal ki refize respekte vòt Pèp la. Tout moun se moun. Vòt tout moun dwe konte. Pwen.

Sè m, Frè m,

Pandan 3 zan silans sa yo, m toujou koute vwa n. Lè tribilasyon lavi a ba nou lafyèv, kò mwen cho. Lè nou swaf tande pozisyon m aklè, m santi sa tou.

Menm si depi 19 Me 2015 Minouche deja fè n wè Ki kandida m pra l chwazi pou pòs Prezidan Peyi a, Menm si nou foule beton an avè l, bradsou bradsa Pou egzije anilasyon koudeta elektoral 9 Out la, M santi nou ta renmen m di nou sa ak vwa pa m.

Mèsi pou konfyans sa a; se pou sa menm m priye, Mwen reflechi anpil anvan m pran desizyon sa a. Desizyon sa a pa ka tranpe nan sòs nayivte paske Menm ti sèvèl wòwòt ki poko janm plonje nan Dekolonizasyon mantal, deja konsate ke anverite, Responsab yo chwazi fè seleksyon e non eleksyon.

Ak espwa verite sa a pap fwase ou ofanse responsab yo Ki se frè ak sè nou tou, men ki sa mwen obsève toujou: Radyografi koudeta elektoral 9 Out 2015 la pote tras Yon maladi ki rele: Négligence spatiale unilatérale. Sa vle di, kategori malad sa yo wè yon sèl bò realite a.

Egzanp: Lè malad sa yo ap abiye, yo ka mete rad la Yon bò kò yo e yo pa wè si lòt bò a rete san abiye. Lè y ap manje nan yon asyèt, yo manje mwatye e Yo pa wè si yo kite lòt mwatye manje a nan asyèt la. Maladi sa a parèt biza men se konsa li manifeste paske Pwoblèm nan chita nan yon zòn sèvo a ki rele lob parietal.

Responsab koudeta elektoral 9 Out 2015 la konpote yo Menm jan ak malad sa yo ki wè yon sèl bò realite a. Yon bò yo wè bilten vòt gwo zam fann fwa vle enpoze, Men yo pa wè ke lòt bò a, se majorite Pèp Ayisyen an K ap egzije respè dwa li genyen pou l vote nan eleksyon lib. Tout moun se moun. Donk, vòt tout moun dwe konte. Pwen.

Radyografi koudeta elektoral 9 Out 2015 la montre Yon 2e tras: li montre tras malad ki anozognozik. Sa vle di: Malad ki refize aksepte ke yo malad. Nan ka konsa, solisyon an se dabò mobilizasyon. Mobilizasyon nou tout ki pa vle Peyi a tonbe Nan toubiyon goudougoudou politik san parèy.

Ou menm ki depi 11 zan ap monte lesyèl pado, Nou ki viktim ensekirite, abi, grangou, chomaj, Jis nap file zegwi san tèt nan blakawout lamizè, Nou menm kap soufri ak tout Ayisyen ki viktim Rapatriman sitwayen ki soti Sen Domeng yo, Ann met ansanm pou evite mal la vin pi mal.

Nou menm pwofesyonèl nan tout branch tankou: Avoka, enjenyè, agwonòm, enfimyè, doktè, Komèsan, peyizan, notab, pwofesè lekòl K ap mare lafimen dezespwa depi 11 lane, Ann met ansanm pou evite mal la vin pi mal.

Nou menm Jèn ki toupatou, nan pwovens kòm lavil, Nan inivèsite kòm nan tout baz ak tout katye popilè yo Ann mobilize pou fè chodyè a sispann bouyi yon sèl bò. Nou pi plis. Nou se majorite a. Fòk sa bon pou nou tout.

Jan mwen te di nou jou ki te 9 Me 2013 la, Sonje! Yon sèl machwa pa moulen vyann. Nou youn bezwen lòt. Respè pou nou tout: Moun save kòm analfabèt. Analfabèt pa bèt. Rich kou malere, se antann pou n antann nou. Aprè 11 lane, fòk nou rekoud drapo inite a.

Men nan men ak tout Ayisyen k ap viv lòt bò dlo E ki swaf tounen lakay, ann kreye kondisyon pou Patisipasyon tout moun debyen, tout moun serye, Tout moun ki pa nan politik men ki konprann ke: Si n pa sove Diyite n, Diyite n ap sove kite n.

Sè m, Frè m, Peyi nou an malad grav e pou pi ta pa pi tris, Fò n mobilize kont koudeta a jis nou rantre Demokratikman nan Palè Nasyonal avèk Dr Maryse Narcisse kòm Prezidan Peyi a.

Vote Dr Maryse ak tout kandida Fanmi Lavalas, Bò Tab la, nimewo 54, se leve yon kokenn defi Paske konplo a mare ak lajan ki pa rete ak lajan.

Sepandan ! Wi, sepandan ! Bouch an bouch, youn di lòt: Konplo ki mare ak fòs lajan Ka demare ak fòs diyite nou.

Bouch an bouch, youn di lòt: Se pa lajan, se diyite. Si n pa sove diyite n, Diyite n ap sove kite n.

Mèsi.

Dr. Jean-Bertrand Aristide
30 Septanm 2015, Taba

***************

VIDEO YA HOTUBA:

<https://www.facebook.com/jeanevens.victor/videos/1040923602598631/>

<https://www.facebook.com/narcisse.maryse/videos/vb.848402941871749/1043666202345421/?type=2&theater

Go to Original – Haiti Action Committee. facebook.com

Share this article:


DISCLAIMER: The statements, views and opinions expressed in pieces republished here are solely those of the authors and do not necessarily represent those of TMS. In accordance with title 17 U.S.C. section 107, this material is distributed without profit to those who have expressed a prior interest in receiving the included information for research and educational purposes. TMS has no affiliation whatsoever with the originator of this article nor is TMS endorsed or sponsored by the originator. “GO TO ORIGINAL” links are provided as a convenience to our readers and allow for verification of authenticity. However, as originating pages are often updated by their originating host sites, the versions posted may not match the versions our readers view when clicking the “GO TO ORIGINAL” links. This site contains copyrighted material the use of which has not always been specifically authorized by the copyright owner. We are making such material available in our efforts to advance understanding of environmental, political, human rights, economic, democracy, scientific, and social justice issues, etc. We believe this constitutes a ‘fair use’ of any such copyrighted material as provided for in section 107 of the US Copyright Law. In accordance with Title 17 U.S.C. Section 107, the material on this site is distributed without profit to those who have expressed a prior interest in receiving the included information for research and educational purposes. For more information go to: http://www.law.cornell.edu/uscode/17/107.shtml. If you wish to use copyrighted material from this site for purposes of your own that go beyond ‘fair use’, you must obtain permission from the copyright owner.

Comments are closed.